Nan epizòd sa a medam yo pale sou gwo fanm.
Yo pale de pèsepsyon moun genyen sou fanm poutèt gwosè yo e kijan sa afekte yo nan lavi yo toulèjou.
Yo resevwa Jinou, ki vinn pataje eksperyans pa l kòm yon gwo fanm ki pa t grandi nan peyi Dayiti men ki vinn abite la nan gramoun li.
Ansanm yo te adrese kèk mit ki genyen sou gwo fi e eseye ofri pwennvi pa yo sou yo.