Nan premye epizòd sezon 2 a Abèy yo te chita pale sou koze pèsonèl domestik: sèvant, chofè, gason lakou, nani etc...
Ansanm medam yo te eksplore pèsepsyon ki genyen sou metye sa yo epi te pataje opinyon pa yo sou ki jan sosyete a wè e apresye moun ki fè djòb sa yo.
Yo te resevwa Melissah ki te pataje opinyon li ak eksperyans pa l ak pèsonèl domestik. Ansanm yo te abòde plizyè aspè sou koze a tankou: salè, inifòm, benefis e latriye!